29/10/2025
Fè sa rive jwenn Commissaire Jean Ernest MUSCADAIN.
Atansyon avèk gran nèg ki fin kraze peyi a ! Nèg sa yo pral ofri ou manje ak kèk bagay pou bay pèp la nan objectif pou yo kapab domine ou. Se vre wap bezwen èd, chwazi ki moun epi ki kondisyon èd la. Men, konsèy map ba ou Commissaire Jean Ernest MUSCADAIN : Puisque se popilsyon an ki chwazi ou, ou mèt mande popilsyon an pou kotize avèk ou jis pou ou mennen kanpay. Deja, kanpay ou deja mennen. Sèlman,ou bezwen jis bouste li.
Daprè refleksyon pa mwen, pèp la pap vote pou 1000 goud ankò. Paske, yo wè kote vote pou 1000 goud mete yo. A vou zòd! Commissaire Jean Ernest MUSCADAIN, pèp Ayisyen chwazi ou pou prezidan Peyi a ! Nou konte sou ou, ou se dènye Kont gidon pèp la. BONDYE nan Syèl la avèk ou. Viv Hayti,libète ou lanmò.
Se te yon zanmi ou Jean Louis SAINTIAC