Konstriksyon Batiman avèk Tcharly

Konstriksyon Batiman avèk Tcharly Byen konstwi ap toujou pi bon ke rekonstwi, an nou konstwi pi byen pou nou pa regrete demen.

14/02/2026

OU MENM NAN DIASPORA OUBYEN AN AYITI, YO ABIZE NOU TWOP !

Nou travay di ayiti oubyen aletranje…
Nou sakrifye…
Nou bay e voye lajan pou konstwi ann Ayiti…
E kisa nou jwenn?

❌ Travay kraze avan li fini
❌ Pa gen okenn rapò
❌ Foto sèlman lè yo bezwen plis lajan
❌ Bidjè triple san eksplikasyon
❌ Manti ak eskiz chak semèn.

SA PA NÒMAL.

Si w ap konstwi, ou bezwen yon moun ki la pou defann enterè ou nan:

🔥 Fè swivi sou chantye yo.
🔥 Bay rapò teknik klè ak prèv sou depanse lajan ou yo.
🔥 Voye foto & videyo sou chak etap yo.

🔥 Kontwòl kalite travay la, anvan ou peye.
Lè konsa moun pa jwe ak lajan ou ankò.

📩 konstriksyon telman koute lajan nou paka ap fè gaspiyaj mete sou li anko.

Pap genyen yon bon konstriksyon san yon bòn jesyon.

13/02/2026

Diaspora, konbyen fwa ou voye fè kay Ayiti… epi ou regrèt li?
Ou voye lajan, yo di w “travay la ap mache”.
Men ou pa wè anyen.
Lè ou desann, ou dekouvri:
1)Travay mal fèt
2)Materyo pa menm sa ou te peye
3)Lajan depanse san kontwòl.

Sa pa dwe rive konsa.
Gen yon solisyon senp:
👉 swivi ak rapò chantye pou moun ki pa sou plas.

Sa ou ap jwenn:
📸 Foto e videyo chak etap yo,chak jou.
📄 Rapò klè sou sa ki fèt, sa k rete
✔️ Verifikasyon travay avan ou peye.

⚠️ Pwoblèm detekte bonè = mwens gaspiyaj.

Objektif la se :
👉 Pwoteje lajan ou
👉 Evite sipriz
👉 Fè kay ou fèt jan ou vle li a

12/02/2026

Eske nou te konnen lè yon moun ap fè yon kay pou nou, chak pati li fin fè fòk nou verifye si li bon avan nou peye.
Kesyon ou fin touche samedi epi lundi lè nou vini se kraze refè a, fòk sa fini.

Lè n'ap konstwi pou yon moun, nou gen misyon pou nou travay byen paske gaspiyaj se lajan n'ap voye jete.

17/01/2026

Kisa yon devi ye?

Yon devi konstriksyon se yon dokiman pwofesyonèl ki montre tout travay ki pral fèt sou yon chantye, pri materyo, pri materyèl, pri mendèv, ak pri total pwojè a, avan konstriksyon an kòmanse.
Li pèmèt kliyan an konnen konbyen travay la ap koute, planifye bidjè li, epi evite depans sipriz.

Si yo ba ou yon devi ki pa detaye travay ou pral fè a, li pap bon.

09/09/2025
Tout bagay sou kontrol ak ekip saaa
04/09/2025

Tout bagay sou kontrol ak ekip saaa

Misyon nou se konstwi byen.
04/09/2025

Misyon nou se konstwi byen.

Jou saa mwen te ak youn nan caoch mwen yo.Zòn Laboul Pòtoprens.
01/09/2025

Jou saa mwen te ak youn nan caoch mwen yo.

Zòn Laboul Pòtoprens.

Adresse

Hinche

Téléphone

+50940590089

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Konstriksyon Batiman avèk Tcharly publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager