Centre Semi-Autonome EDH Jacmel

Centre Semi-Autonome EDH Jacmel CSAJacmel

AVIS ENPÒTAN – ED’H Jakmèl]Sant Semi Otonòm ED’H Jakmèl ap salye tout abòne li yo ak tout popilasyon an.Nou konnen nou t...
29/04/2025

AVIS ENPÒTAN – ED’H Jakmèl]

Sant Semi Otonòm ED’H Jakmèl ap salye tout abòne li yo ak tout popilasyon an.

Nou konnen nou tout ap viv yon moman difisil akòz kriz ekonomik ak politik lan. Men malgre sa, ED’H ap fè tout sa li kapab pou kontinye sèvi nou ak kouran elektrik.

Men gen yon gwo pwoblèm!
Gaz la ap vin pi ra, epi si kliyan pa peye dèt yo, nou riske tonbe ankò nan blakawout.

Nap mande tout kliyan pou yo vin peye sèvis yo.
Sa ap ede nou kontinye fonksyone epi evite entèripsyon kouran nan vil la.

“Se grès kochon an ki pou kwit kochon an.”
Sa vle di, se nou menm ansanm ki kapab soutni sa ki pou nou.

ED’H se pou nou, ann kontinye pwoteje sa ki pou nou!

Mèsi pou kolaborasyon nou.

Avis Important - Électricité d’Haïti (ED’H) - Sant Semi Otonòm JakmèlNou vle enfòme tout popilasyon Jakmèl, sitou kliyan...
09/03/2025

Avis Important - Électricité d’Haïti (ED’H) - Sant Semi Otonòm Jakmèl

Nou vle enfòme tout popilasyon Jakmèl, sitou kliyan nou yo, ke gen yon pwoblèm teknik nan santral lan. Kòm rezilta, santral la pap ka bay kouran pou aswè a.

Teknisyen nou yo ap travay san pran souf pou rezoud sitiyasyon an pi vit posib.

ED’H se byen pa nou, ann kontinye pwoteje sa ki pou nou.

Enpòtan – Elektrisite d Ayiti, Sant Semi-Otonòm Jakmèl Chè abòne nou yo,Nou remèsye nou pou pasyans ak konpreyansyon nou...
06/03/2025

Enpòtan – Elektrisite d Ayiti, Sant Semi-Otonòm Jakmèl

Chè abòne nou yo,
Nou remèsye nou pou pasyans ak konpreyansyon nou. Paske gen pwoblèm transpò gaz, sa fè nou oblije modifye lè kouran ap bay jiskaske sitiyasyon an rezoud.

Nouvo lè kouran an :
✅ Jedi : 7h PM - 11h PM
✅ Vandredi : 9h AM - 12h PM
✅ Samdi : 7h PM - 11h PM
✅ Dimanch : 7h PM - 11h PM
✅ Lendi : 7h AM - 12h PM
✅ Madi : 7h PM - 11h PM
✅ Mèkredi : 9h AM - 12h PM

Nou konnen sa ka deranje anpil moun, men n ap travay pou retounen ak sèvis nòmal pi vit posib.

Anons Enpòtan pou Popilasyon JakmèlSant Semi Otonòm ED’H Jakmèl ap enfòme tout popilasyon an ke plizyè aksidan rive sou ...
03/03/2025

Anons Enpòtan pou Popilasyon Jakmèl

Sant Semi Otonòm ED’H Jakmèl ap enfòme tout popilasyon an ke plizyè aksidan rive sou rezo elektrik la pandan lannwit 2 pou rive 3 mas 2025. Plizyè poto kase akòz aksidan machin nan zòn Pòtay Lagonselin, Avni La Libèté ak Ri Dòleyan.

Nou mande popilasyon an pou ede pwoteje byen ED’H yo, paske lè poto kase ak fil tonbe, sa lakoz reta nan sèvis la. Nou ankouraje tout moun pou veye byen rezo a epi sipòte efò ED’H pou amelyore distribisyon elektrisite a.

ED’H se byen pa nou, an nou kontinye pwoteje li!

⚡📢 Enpòtan! Chanjman Orè Kouran nan Jakmèl 📢⚡Gade nouvo orè yo epi pran dispozisyon w! Sant lan  ap travay pou satisfè t...
01/02/2025

⚡📢 Enpòtan! Chanjman Orè Kouran nan Jakmèl 📢⚡

Gade nouvo orè yo epi pran dispozisyon w! Sant lan ap travay pou satisfè tout kliyan yo. Mèsi pou pasyans nou!

Sant Semi Otonòm Jakmèl ap salye tout abòne li yo! Nou ap travay san pran souf pou rezoud pwoblèm sou rezo a e asire sèv...
17/01/2025

Sant Semi Otonòm Jakmèl ap salye tout abòne li yo! Nou ap travay san pran souf pou rezoud pwoblèm sou rezo a e asire sèvis satisfè tout kliyan nou yo. Zòn ki konsène yo: Sen Filip, Raket, Sentan, Paskèt, Lamandou 2, Marigo, Peredo elatriye. Mèsi pou pasyans nou!

10 janvye 2025 – Direksyon Sant Semi Otonòm EDH Jakmèl remèsye popilasyon an ak kliyan yo pou pasyans ak konfyans yo. Yo...
10/01/2025

10 janvye 2025 – Direksyon Sant Semi Otonòm EDH Jakmèl remèsye popilasyon an ak kliyan yo pou pasyans ak konfyans yo. Yo enfòme ke teknisyen yo ap travay sou rezo a pou ranje kab ki kase, koupe fey bwa ki sou rezo a, epi sipèvize liy depa yo. Yo mande kolaborasyon tout moun pandan travay yo ap fèt. Pou plis enfòmasyon, kontakte nimewo sa yo: +509 32207611 / +509 32208413.

Jakmèl 14 fevriye 2023
14/02/2023

Jakmèl 14 fevriye 2023

Orè kouran pou Jodi dimanch 12 février 2023
12/02/2023

Orè kouran pou Jodi dimanch 12 février 2023

12/02/2023
AviJakmèl 9 fevriye 2023Centre semi autonome EDH jacmel
10/02/2023

Avi
Jakmèl 9 fevriye 2023
Centre semi autonome EDH jacmel

Adresse

Rue Normande
Jacmel
HT9110

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:00
Mardi 08:00 - 16:00
Mercredi 08:00 - 16:00
Jeudi 08:00 - 16:00
Vendredi 08:00 - 17:00

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Centre Semi-Autonome EDH Jacmel publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Centre Semi-Autonome EDH Jacmel:

Partager