20/10/2022
Kòman nou kapab verifye kalite yon konstriksyon.
Verifye kalite yon konstriksyon se pa yon travay ki fasil. Gen anpil bagay ki kapab detèmine pwoteksyon konstriksyon an. Nan atik sa, nou pral pale nou de fason ke nou kapab verifye kalite yon pwojè konstriksyon .
1- Ankete sou sòl la:
Kalite ak tip sòl kote kew pral konstwi batiman an li enpòtan anpil. Pa egzanp si sòl la gen anpil ajil li pa apwopriye pou konstwi an rezon de ekspansyon, gonfleman ajil ak retrè pou imidite ak dlo. Yon tès ou yon etid sòl dwe fèt avan konstriksyon an kòmanse.
2- Konsepsyon
Se youn nan paramèt esansyèl. Batiman an dwe fèt yon fason pou l kapab reziste ak tout chaj e tranbleman tè de yon sètèn anplitid.
3- Kalite materyo yo:
Kalite yon bon konstriksyon li depann de kalite materyo nap itilize nan konstrisyon an tankou siman, sab, gravye,fè, elatriye. Blòk yo dwe gen bon kalite, siman nou ap itilize a dwe bay yon bon randman. Sab nap itilize a pa dwe gen ajil ladanl. Nou kapab verifye , nap mete yon kantite sab nan dlo, koulè an pa dwe sonb.
4- Dozaj beton an ou melanj beton an:
Rezistans beton an li detèmine a kapasite chaj de estrikti a . Dozaj beton an dwe byen siveye, pa dwe gen eksè dlo ladan l. Beton ki genyen anpil dlo ladan l redui nan rezistans li. Si li difisil pou ke nou fè dozaj la sou chantye a, pou nou kapab verifye l chak fwa, nou kapab achte nan konpayi ki vann beton an tou prepare.
Men kèk lis kontwòl ki enpòtan ke nou kapab verifye nan chak pwen:
1- Kalite kofraj la dwe byen fikse a yon presyon lateral kap kont pou beton an.
2- Epesè dal lan dwe siveye avèk makè pwofondè apwopriye nan ekstremite enteryè. Li kapab redwi fasil.
3- Tout pòtafo long dwe pase lejèman anwo nan pwen kofraj la, pou evite yon devyasyon ke yo kapab wè.
4- Epesè mi an dwe koresponn ak ak plan enplantasyon batiman an.
5- Klwazyon kap separe yo pa dwe touche anba pout la, nou dwe kite yon ti espas pou nou kapab konble l ak yon mòtye mèg. Sa ap evite fisi nan mi yo e li pap modifye chemen chaj yo.
6- Enstalasyon ak finisyon yo dwe de kalite satisfezant. Revètman sòl, pòt, fenèt, enstalasyon sanitè ak douch, fil ak enstalasyon elektrik, elatriye…
7- Lè nou fini ak konstriksyon an, lè batiman an prè, kalite penti, Kawo seramik elatriye tout moun dwe kapab remake sa lè yo gade l.
Nou pap rate okenn okazyon, pou nou pataje ti konsèy sou konstriksyon avè ou.
Pa bliye renmen paj la, envite yon zanmiw fè sa tou.
Siw twouve piblikasyon sa enstriktif, pataje l ak lòt moun.
Kredi:
Solid Construction !