17/08/2021
Nou pa dwe rete bwa kraze.
18 oktòb 1751 selon Istoryen Moreau de Saint-Méry, yon tranblemantè avèk 2 sekous pandan 3 minit te detwi vil Potoprens.
3 Jen 1770, yon tranblemantè avèk 2 sekous pandan 4 minit te detwi anpil vil nan depatman sid.
7 Mai 1842, yon tranblemantè ak tout yon Sounami te detwi plizyè vil nan rejyon Nò.
Pami yo: kapayisyen, Fòlibète, podepè ak Gonayiv.
27 Oktòb 1952, yon tranblemantè nan depatman Grandans, nan vil Ansavo te koze 6 viktim epi yon milye moun te nan lari koz kay yo te kraze.
12 Janvye 2010, yon tranblemantè ak yon magnitude 7.3 avèk plizyè sekous ant 5.0 a 5.9 magnitud te koze pliske 200 000 mò nan vil Pòtoprens.
14 Out 2021, yon tranblemantè ak yon magnitude 7.2 sot koze anviwon 1400 mò, san konte sila yo pa rive lokalize , anpil moun blesse, anpli kay kraze, jiskaprezan otorite konsène yo kontinye ap obsève.
-Pajanm gen prevansyon sismik ki fèt.
-Pagen yon kat sismik pou oryante popilasyon an pou yo pa konstwi nan zòn vilnerab yo.
-Pagen yon etid sòl ki fèt avan konstwiksyon yo.
Popilasyon an konstwiksyon jan lidel dil kote ki fèl plezi.
Padan nap kontinye ak jès solidarite poun sipote sila ki viktim yo, ann chache prepare nou, pou pwochen tranblemantè kap vini an. Se pa premye, e se pa dènye non plis!
Gen posibilite poun diminye kantite viktim yo, si tout fwa nou egzije leta pran responsabilitel, menm jan Japon te fèl aprè tranblemantè ki te pase nan lane 1995 ak yon mayitid de 7.2 ki te koze plis ke 6300 mò.
San pran tan, ki te vin itilize teknoloji sismik, kote li reyabilite majorite nan ansyèn konstwiksyon yo, epi pase lòd pou tout estrikti modèn yo konstwi pou reziste avèk tranblemantè (konstwiksyon parasismik).
Map raple nou aprè chak tranblemantè ki pase gen yon etid sòl ki dwe fèt kote batiman ki pa kraze yo. Se jis poum fè nou santi si nou rete ap obsève sann pa egzije otorite konsène yo pran responsabilite yo, jodia se frèw la ki viktim demen kapab se ou.
Gen anpil jèn ki kalifye, ki byen fòme ki kapab pote sipò yo. Li rete avèm, avèw ak nou tout poun pote kole poun egzije leta pran desizyon ki nesesè poun evite gen tout viktim sa yo aprè katastwòf natirèl yo.
Send a message to learn more